Kreyòl Ayisyen: Mizajou sou Milton
Dènye nouvèl parèt an premye.
Ale sou ocfl.net/storm pou resous ak enfòmasyon sou rekiperasyon apre tanpèt la. Swivi Sèvis Nasyonal Metewolojik pou dènye mizajou metewolojik yo.
To view the latest Orange County updates in English, visit ocfl.net/Milton.
Para ver las últimas actualizaciones en Español, visite ocfl.net/Milton-es.
Sant Rekiperasyon pou Dezas FEMA a lokalize nan Sant Milti-kiltirèl Komin Oranj lan
7149 W Colonial Dr, Orlando, FL 32818
- Dimanch 8 Desanm, Fèmen
- Lendi 9 Desanm – Samdi 14 Desanm, 7:00 a.m. a 7:00 p.m.
- Dimanch 15 desanm, Fèmen
- Lendi, 16 Desanm – Mèkredi 18 Desanm, 7:00 a.m. a 7:00 p.m.
DRC a pral fèmen pou tout tan mèkredi 18 desanm.
Sant Rekiperasyon pou Dezas FEMA a lokalize nan Sant Milti-kiltirèl Komin Oranj lan
7149 W Colonial Dr, Orlando, FL 32818
- Vandredi, 22 Novanm – Samdi, 30 Novanm, Fèmen
- Dimanch, 1ye desanm, 1:00 p.m. jiska 6:00 p.m.
Mizajou sou Tanpèt la:
Sant Rekiperasyon pou Dezas FEMA a (DRC) ki nan Sant Multikiltirèl Komin Oranj lan ap fèmen samdi 9 novanm. Sant Rekiperasyon pou Dezas la ap relouvri nan dat Dimanch, 10 novanm, soti 12 pm pou rive 6 pm. Sant Rekiperasyon pou Katastwòf FEMA a ap fèmen tou a lokazyon Jounen Veteran yo, Lendi, 11 novanm. Sant lan ap relouvri madi 12 novanm, soti 7 am pou rive 6 pm.
Sant Rekiperasyon pou Dezas FEMA a lokalize nan Sant Milti-kiltirèl Komin Oranj lan
7149 W Colonial Dr, Orlando, FL 32818
- Samdi, 9 novanm, Fèmen
- Dimanch, 10 novanm, 12:00 pm-6:00 pm
- Lendi, 11 novanm, Fèmen
- Madi 12 novanm, 7:00 am jiska 6:00 pm.
FEMA DRC ap founi yon boutik inik e patikilye pou endividyèl oswa biznis ki bezwen èd pou rekipere apre pèt oswa domaj ki te fèt pandan tanpèt yo. FEMA antre an patenarya ak ajans lokal ak eta yo.
Reprezantan ajans leta yo, patnè, ak òganizasyon federal yo, ansanm ak gwoup volontè yo, ap disponib pou ofri èd endividyèl ak biznis, enkli:
- Asistans Endividyèl FEMA
- Mitigasyon FEMA
- Administrasyon pou ti biznis
- Konsèy pou Kriz
- Depatman pou Timoun ak Fanmi nan Florid
- Depatman Règleman Biznis ak Pwofesyonèl nan Florid
- Ajans pou Moun ki Andikape
Tout moun ka aplike tou sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, yo ka itilize app mobil FEMAa, oswa yo ka rele liy asistans FEMA a gratis nan 800-621-3362.
Komin Oranj, FL – De (2) Sant Rekiperasyon nan moman Dezas FEMA yo (DRC) ap louvri wikenn sa a pou sèvi rezidan ki te afekte nan Siklòn Milton yo: Sant Milti-kiltirèl Komin Oranj lan ak Sant Kominotè Bithlo a.
Sant Rekiperasyon FEMA nan moman Dezas nan Komin Oranj lan ak yon Sant Resous Multi-Ajans (MARC) nan lokal sa yo:
Sant Milti-kiltirèl Komin Oranj kap Sant Rekiperasyon FEMA nan moman Dezas
7149 W Colonial Dr, Orlando, FL 32818
- Samdi 26 oktòb, 1:00 pm – 7:00 pm
- Dimanch 27 oktòb, 9:00 am – 6:00 pm
- Lendi 28 oktòb – Samdi 2 novanm, 7:00 am – 7:00 pm
Sant Kominotè Bithlo – pou Eta Florida Sant Resous pou Milti-Ajans (MARC)
18501 Washington Avenue, Orlando, FL 32820
- Samdi 26 oktòb – Dimanch 27 oktòb, 9:00 am – 5:00 pm
- Lendi 28 oktòb – Samdi 2 novanm, 9:00 am a 5:00 pm
Apopka City Hall – Fèmen – 120 E. Main Street, Apopka, Florida 32703
FEMA DRC ap founi yon boutik inik e patikilye pou endividyèl oswa biznis ki bezwen èd pou rekipere apre pèt oswa domaj ki te fèt pandan tanpèt yo. FEMA antre an patenarya ak ajans lokal ak eta yo.
Reprezantan ajans leta yo, patnè, ak òganizasyon federal yo, ansanm ak gwoup volontè yo, ap disponib pou ofri èd endividyèl ak biznis, enkli:
- Asistans Endividyèl FEMA
- Mitigasyon FEMA
- Administrasyon pou ti biznis
- Konsèy pou Kriz
- Depatman pou Timoun ak Fanmi nan Florid
- Depatman Règleman Biznis ak Pwofesyonèl nan Florid
- Ajans pou Moun ki Andikape
Endividyèl yo ka aplike tou sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, yo ka itilize app mobil FEMAa, oswa yo ka rele liy asistans FEMA a gratis nan 800-621-3362.
Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid la, ale sou fema.gov/disaster/4834. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.
###
Pwopriyetè kay ak lokatè nan Komin Oranj ki te sibi domaj oswa pèt akòz Siklòn Milton, Helene oswa Debby, kapab kalifye pou jwenn èd nan men FEMA.
Moun yo kapab kalifye pou èd finansye pou deplasman, bezwen grav, lojman tanporè, reparasyon debaz pou kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt depans asirans pa kouvri ki gen rapò ak katastwòf la.Apati madi 22 oktòb 2024, FEMA pral ede aplikan yo fè demann pou asistans nan de lokal nan Komin Oranj. Chak andwa pral fonksyone soti nan 9 am a 5 pm nan lokal sa yo:
Bithlo Community Center
18501 Washington Avenue, Orlando, FL 32820
Apopka City Hall
120 E. Main Street, Apopka, FL 32703
Moun ki bezwen aplike pou èd FEMA ap bezwen founi:
- Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo ka kontakte w.
- Adrès ou nan moman katastwòf la ak adrès kote w rete kounye a.
- Nimewo Sekirite Sosyal ou
- Yon lis jeneral sou domaj ak pèt yo.
- Enfòmasyon bankè ke w chwazi pou fè depo dirèk.
- Si ou gen asirans, nimewo polis asirans lan oswa ajan an ak/oswa non konpayi an.
Moun ka aplike tou sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, yo ka itilize app mobil FEMAa, oswa yo ka rele liy asistans FEMA a gratis nan 800-621-3362.
Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid la, ale sou fema.gov/disaster/4834. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.
Pwolonje pou yon lòt semèn. Apati de jodia jiska dimanch 27 oktòb 2024, rezidan Komin Oran ka lage fatra lakou ki pa komèsyal nan Siklòn Milton yo nan twa etablisman ki atravè komin lan, ant 7 am jika 7 pm chak jou. Sit yo enkli:
- Conway Water Treatment Plant – 3590 Manatee Street, Orlando, FL 32822
- Harrell Road – 8503 Trevarthon Road, Orlando, FL 32817
- Zellwood Maintenance Unit – 3500 Golden Gem Road, Apopka, FL 32712
Sit yo ap aksepte sèlman debri vejetatif ki pa nan sachè ni nan resipyan. Aparèy elektwonik (gwo aparèy elektwomenajè) ak lòt atik nan kay yo pa akseptab. Kontraktè, moun ki pran swen gazon, oswa konpayi komèsyal yo entèdi pou yo itilize sit sa yo. Lè yo rive, rezidan yo dwe prezante yon lisans chofè valab, bòdwo sèvis piblik, oswa lòt dokiman ofisyèl ki verifye ke yo se rezidan nan Komin Oranj. Rezidan yo ka itilize kat jeyografik entèaktif. Komin lan pou yo ka jwenn sit ki pi pre lakay yo pou depoze debri yo.
Ekip pou Ranmase Debri Dezas yo ap Pran Lari nan Komin Oranj. Koleksyon pou gwo debri tanpèt yo ap kòmanse mèkredi 16 oktòb 2024.
Travo Piblik nan Komin Oranj ap pran lari nan dat 16 oktòb 2024, pou ranmase gwo debri tanpèt Siklòn Milton yo. Premyèman, manm ekipaj yo ap konsantre sou debri vejetatif yo, konsa yo ka fè plizyè pase pou netwaye yon zòn. Nap mande rezidan yo pou swiv direktiv sa yo:
1. Mete debri yo bò twotwa a nan kwen pwopriyete a.
2. Debri yo dwe yo dwe separe an kategori sa yo:
- Vejetatif – Enkli gwo branch bwa, pyebwa, mòso bwa, ak plant.
- Aparèy – Enkli frijidè, machin alave ak seche, ak èkondisyone.
- Elektwonik – Enkli televizyon, òdinatè, ak ti aparèy elektwonik.
3. Separe materyèl pou baryè yo ak debri vejetatif.
4. Mete debri ak pil debri yo lwen pyebwa, poto, idratan dife, kontè dlo, oswa lòt estrikti.
5. Asire ke debri yo pa bloke wout la, twotwa a, oswa drenaj tanpèt yo.
6. Fèy bwa ak ti debri yo dwe nan sachè, nan poubèl, oswa mare epi mete yo pou ranmase avèk fatra nòmal lakou yo nan jou yo pwograme a.
Pou plis enfòmasyon, rele Liy Èd 311 Komin.
Komin Oranj ap gen plizyè opsyon pou jete debri Siklòn Milton yo.
Depoze Debri Vejetatif yo
Rezidan komin Oranj ap gen plizyè opsyon pou jete debri Siklòn Milton yo. Depoze Debri Vejetatif yo Apati lendi 14 oktòb 2024, sit ki deziyen pou dezoe fatra yo pral aksepte fatra lakou non-komèsyal yo, enkli fèy bwa, branch bwa, ak lòt debri natirèl. Sit yo ap louvri lendi soti 10 am rive 7 pm e madi jiska dimanch soti 7 am rive 7 pm. Sit yo pap aksesib pou piblik la anvan lendi. Sit yo enkli:
- Conway Water Treatment Plant – 3590 Manatee Street, Orlando, FL 32822
- Harrell Road – 8503 Trevarthon Road, Orlando, FL 32817
- Zellwood Maintenance Unit – 3500 Golden Gem Road, Apopka, FL 32712
Sit yo ap aksepte sèlman debri vejetatif ki pa nan sachè ni nan resipyan. Aparèy elektwonik (gwo aparèy elektwomenajè) ak lòt atik nan kay yo pa akseptab. Kontraktè, moun ki pran swen gazon, oswa konpayi komèsyal yo entèdi pou yo itilize sit sa yo. Lè yo rive, rezidan yo dwe prezante yon lisans chofè valab, bòdwo sèvis piblik, oswa lòt dokiman ofisyèl ki verifye ke yo se rezidan nan Komin Oranj. Rezidan yo ka itilize kat jeyografik entèaktif. Komin lan pou yo ka jwenn sit ki pi pre lakay yo pou depoze debri yo.
Ranmase Debri Bò Lari yo
Gouvènman Komin Oranj espere kòmanse retire debri tanpèt yo ki bò lari a pou Konim Oranj non-enkòpore a, Mèkredi 16 oktòb 2024. Ap genye de (2) kontraktè pou debri ak yon monitè pou debri ki pral deplwaye avèk gwo ekipman lou pou konsolide ak ranmanse debri ki lye ak tanpèt la. Ap gen Kontraktè kap ranmase pil debri bò lari yo ki twò gwo pou yo ranmase atravè pwogram koleksyon bò lari rezidansyèl Komin lan. Nou ankouraje rezidan yo pou separe debri yo selon kalite yo – vejetatif, elektwonik, bagay kay, elatriye epi mete yo bò twotwa a pou yo ka ranmase yo pi vit ke posib.
Pou akselere pwosesis netwayaj la, nap ankouraje rezidan yo pou pote debri lakou yo nan youn nan twa sit debri vejetatifKomin lana, kap ouvri lendi 14 oktòb, jiska dimanch 20 oktòb.
Rezidan Komin Oranj ka aktyèlman aplike pou èf federal katastwòfik pou pèt Siklòn Milton te lakòz.
Pou kalifye pou èd federal nan kad Pwogram Èd Endividyèl FEMA yo, domaj ak pèt tanpèt siklòn ak inondasyon yo dwe rive akoz Siklòn Milton.
Si w gen asirans, ou dwe depoze yon reklamasyon bay konpayi asirans ou an premye. Si w pa gen asirans, oswa asirans pa kouvri reklamasyon w lan, ou ka aplike pou asistans FEMA.
Nap ankouraje rezidan ki te sibi yon domaj ki gen rapò ak Milton pou enskri ak FEMA sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, sou FEMA Mobile App, oswa yo ka rele 800-621-3362 (FEMA).
Endividyèl ak fanmi nan Komin Oranj dwe gen enfòmasyon sa yo pare lè yap aplike:
- Kòdone yo (nimewo telefòn, adrès postal, nimewo sekirite sosyal)
- Revni Kay la
- Adrès kay oswa apatman ki andomaje a
- Deskripsyon domaj la/atik ki pèdi yo
- Foto kay la ak bagay ki andomaje yo
- Enfòmasyon sou kouvèti asirans
- Nimewo kont labank ak nimewo woutaj pou depo dirèk lajan an
Nimewo gratis 800-621-3362 (FEMA). louvri depi 7 am rive 11 pm, sèt jou pa semèn.
Akòz nivo dlo nan lak nou yo ki me wotè, tout ranp bato komin yo fèmen.
- Rd Keene
- Lake Down
- Magnolia park
- Moss park
- Bywater
- Woodsmere
- Randolph
- Fern creek
- Hwy 50
- Barnett Park
- Trimble
Gade tout konferans nouvèl la sou YouTube oswa Vimeo.
MIZAJOU SOU MILTON – PWEN KLE POU SONJE 10/11/2024
FASON W KA EDE
- Heart of Florida United Way: Fè yon don nan Fon Rekiperasyon apre Siklòn
- Second Harvest Food Bank: Fè yon Don nan Sekou pou Moun ki Sinistre apre Siklòn Milton.
- Lakwa Wouj Ameriken: Fè yon don pou ede moun ki afekte nan Siklòn Milton ak Helene.
- Salvation Army: Fè yon don pou sipòte Efò pou Pote Sekou apre Siklòn lan.
FATRA AK SANT DECHÈ
Sant Dechè ak estasyon transfè Komin Oranj yo louvri epi yap aksepte fatra vejetatif lakou yo gratis nan jou sa yo:
Sant Dechè Komin Oranj: Vandredi, 11 oktòb rive dimanch, 13 oktòb, soti 8 am pou rive 5 pmEstasyon Transfè Komin Oranj: Dimanch, 13 oktòb, soti 8 am pou rive 5 pm
Rezidan yo dwe prepare pou prezante lisans chofè yo pou konfime ke yo se rezidan nan komin lan.
Sèvis pou ranmase fatra regilye yo planifye pou rekòmanse apati lendi 14 oktòb. Koleksyon fatra lakou yo pral retade akòz volim apre tanpèt la.
DLO IZE
Nap mande rezidan yo pou diminye enpak yo fè sou sistèm dlo ize yo nan diminye itilizasyon dlo lè sa posib. Sa ap diminye presyon sou estasyon ponp nou yo epi ede anpeche debòdman dlo tou egou yo. Limite gwo itilizasyon dlo imedyat nan machin pou lave asyèt, machin pou lave ak benyen. Dlo ki te estoke nan basen, dwe koule lantman, pa vide tout yon sèl kou.
ABRI
Komin Oranj te abrite plis pase 2600 moun pandan Siklòn Milton. Apati 12 pm, Vandredi, 11 oktòb 2024, tout abri pou gran piblik yo ap fèmen.
PAK YO
Pak sa yo, ranp bato, ak santye yo ap FÈMEN pou piblik la Samdi:
- Cypress Grove Park (aktivite anndan bilding yo ap toujou fèt)
- Trimble Park
- West Orange Trail (kèk pòsyon)
- Little Econ Greenway (kèk pòsyon)
- Moss Park
- Kelly Park
- Magnolia Park
- Rd Keene Boat Ramp
- Lake Down Boat Ramp
BLAKAWOUT
Aktyèlman, ekip sèvis itilite piblik yo ap travay pou retabli kouran pou kliyan yo byen vit e san danje ke posib.
Duke: gen 67,000 kliyan nan Komin Oranj ki aktyèlman pa gen kouran elektrik. Nan fen jounen jodi a, Duke Energy ap pibliye yon estimasyon sou peryòd tan restore kouran pou tout kliyan yo.
OUC: Gen 28,768 kliyan nan Komin Oranj ki aktyèlman pa gen kouran elektrik. OUC planifye pou pibliye yon estimasyon siyifikatif sou tan restorasyon kouran pou kliyan yo disi 11:59 pm samdi 12 oktòb la.
Rapòte blakawout elektrik yo bay founisè elektrik ou a nan Komin Oranj.
- Komisyon Sèvis Itilite Piblik Orlando (OUC) – 407-423-9018
- Duke Energy: 800-228-8485
- Sèvis Itilite Piblik Winter Park – 877-811-8700
VIDE JETE, FLITE
Dlo ki chita yon kote atravè Komin Oranj se yon gwo teren pou pwodiksyon moustik. Pandan wap evalye domaj ak debri nan alantou lakay ou, tanpri sonje:
- Vide tout dlo ki kanpe nan poubèl fatra, po flè, pisin, ak lòt resipyan.
- Jete tout bagay ki ka kenbe dlo, tankou kawotchou ak boutèy.
- Flite kò w ak repelan moustik ki gen DEET ke EPA apwouve.
Pou timoun ki poko gen de mwa, Depatman Sante Florid nan Komin Oranj rekòmande pou itilize moustikè.
FÈMTI
Gouvènman Komin Oranj: Biwo Komin yo ap fèmen jodi a. Operasyon nòmal yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb.
Tribinal Nevyèm Sikonskripsyon Jidisyè Florid la: Tribinal yo fèmen jodi a. Operasyon nòmal yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb.
Lekòl Piblik Komin Oranj: Lekòl yo ap fèmen jodi a. Lekòl yo ap relouvri madi 15 oktòb. Jounen ratrapaj pou elèv yo pwograme pou 25 oktòb 2024
LYNX: Otobis regilye LYNX ak sèvis NeighborLink ap fonksyone. Wout 701 pa nan fonksyon epi li pral retounen an fonksyon yon fwa lekòl relouvri.
ACCESS LYNX ap ofri transpò ki sipòte lavi sèlman jiska Vandredi, 11 oktòb. Sèvis nòmal yo pral rekòmanse samdi 12 oktòb. Nou ankouraje kliyan yo pou rele 407-423-8747 epi mete yon randevou pou LYNX ka vini chèche yo.
Ayewopò Entènasyonal Orlando: Vòl pou soti yo rekòmanse. Vwayajè yo dwe kontakte konpayi avyon espesifik yo pou enfòmasyon konsènan estati vòl endividyèl yo.
Divizyon Pwoteksyon Anviwònman Komin Oranj te pibliye yon alèt pou tout lak ak rivyè nan Komin Oranj jiska nouvèl òd.
Tanpri evite tout aktivite rekreyativ kote ki gen lak ak rivye. Siklòn Milton te ka afekte anpil nan sistèm sa yo negativman epi nivo dlo yo te monte wo, ki potansyèl lakoz kontaminasyon, bèt sovaj deplase ak dezoryante ak estrikti ki anba dlo.
Si w gen kesyon sou lak ki tou pre w la, tanpri voye yon imèl nan Lakes@ocfl.net.
Gade tout konferans nouvèl la sou YouTube oswa Vimeo.
MIZAJOU SOU MILTON – PWEN KLE POU SONJE 10/10/2024
MIZAJOU SOU MOVE TAN AN
Tout siveyans ak avi sou siklòn ak tanpèt twopikal yo fini pou Komin Oranj. Total meteyowolojik apre Siklòn Milton:
- Pi gwo rafal van yo te mezire 87 kilomèt alè
- Plis pase 10 pous lapli te tonbe nan kèk kote nan Komin Oranj
- Plis pase 42 alèt pou tònad te anonse nan tout Sant Florid la
Avi meteyowolojik aktyèl pou Komin Oranj:
- Siveyans pou Inondasyon
- Avi pou van jiska 8 pm
ABRI
Komin Oranj te abrite plis pase 2600 moun nan Siklòn Milton. Apati 3 pm, Jedi, 10 oktòb 2024, abri sa yo te fèmen:
- Carver Middle School
- Colonial High School
- Lake Buena Vista High School
- Lake Nona High School
- Odyssey Middle School
- Ocoee High School
- Timber Springs Middle School
- Union Park Middle School
- Wedgefield K-8 School
LIMYÈ SIKILASYON KI PA FONKSYONE
Si w apwoche yon entèseksyon epi w wè siyal sikilasyon an pa fonksyone nòmalman, swiv règleman sa yo:
- Flach Rouj: Konsidere limyè a kòm yon siy pou kanpe. Asire ke w gade nan tout direksyon avèk anpil atansyon avan w avanse nan yon entèseksyon.
- Flach Jòn: Ralanti epi kontinye avèk prekosyon nan entèseksyon an.
- Limyè a Etènn: Konsidere yon limyè ki pa fonksyone tankou yon arè kat kalfou. Pa atann pou lòt chofè swiv menm prensip sa yo. Respekte kafou ak pasaj pyeton yo, epi kontinye avèk prekosyon.
Rezidan Komin Oranj ka rele 311, telechaje app mobil OCFL 311, oswa rele 407-836-3111 pou rapòte ensidan ki pa ijan.
DLO IZE
Nap mande rezidan yo pou diminye enpak yo fè sou sistèm dlo ize a nan diminye itilizasyon dlo ke posib. Sa ap diminye presyon sou estasyon ponp nou yo epi ede anpeche debòdman dlo tou egou yo. Limite gwo itilizasyon dlo imedyat nan machin pou lave asyèt, machin pou lave ak benyen. Dlo ki te estoke nan basen, dwe koule lantman, pa vide tout yon sèl kou.
SEKIRITE BILDING
Ekip Divizyon Evalyasyon Abitablite Sekirite Bilding lan ki konpoze de Enspektè Bilding ak Elektrik ki lisansye yo pral deplwaye Vandredi, 11 oktòb. Rezidan yo ka rele 311 oswa itilize aplikasyon OCFL 311 pou rapòte domaj.
FATRA AK SANT DECHÈ
Sant dechè ak estasyon transfè Komin Oranj yo ap relouvri a 8 am Vandredi, 11 oktòb.
Se sèlman fatra rezidansyèl ki nan bwat fatra ki gen kouvèti vèt yo ke yo pral ranmase lè koleksyon bò twotwa yo rekòmanse Vandredi, 11 oktòb, ak Samdi, 12 oktòb, nan zòn ki aksesib yo. Kliyan mèkredi, jedi, ak vandredi yo dwe mete bwat fatra ki gen kouvèti vèt deyò a 6 am Vandredi, Oktòb.11. Lòt sèvis pou ranmase fatra regilye yo planifye pou rekòmanse apati lendi 14 oktòb.
Koleksyon dechè lakou yo pral retade akòz volim ki va genyen apre tanpèt la.
BLAKAWOUT
Ekip sèvis itilite piblik yo ap evalye blakawout yo kounye a epi yap travay pou retabli kouran pou kliyan yo byen vit e san danje ke posib.
Duke: 110,000 kliyan nan Komin Oranj aktyèlman pa gen kouran.
OUC: 61,125 kliyan nan Komin Oranj aktyèlman pa gen kouran.
Rapòte blakawout elektrik yo bay founisè elektrik ou a nan Komin Oranj.
- Komisyon Sèvis Itilite Piblik Orlando (OUC) – 407-423-9018
- Duke Energy: 800-228-8485
- Sèvis Itilite Piblik Winter Park – 877-811-8700
SEKIRITE POU DÈLKO
Byen ke dèlko se zouti ki trè itil pandan yon pàn kouran, yo ka trè danjere tou si yon moun pa byen itilize yo. Revize konsèy sekirite enpòtan sou dèlko sa yo pou kenbe fanmi w an sekirite.
- Revize manyèl pwopriyetè a epi swiv tout enstriksyon yo.
- Pa janm itilize yon dèlko andedan kay oswa nan yon espas ki pasyèlman fèmen.
- Pa janm kite yon dèlko ap mache nan zòn kote moun oswa bèt ye.
- Toujou konekte yon aparèy ak yon dèlko avèk yon gwo kòd ekstansyon.
- Pa janm sere gaz pou dèlko an anndan kay ou.
- Pa sere gaz toupre yon aparèy ki sèvi ak gaz tankou yon recho oswa yon aparèy chofaj dlo.
- Anvan w remete gaz nan yon dèlko, etenn li epi kite l rafwadi.
Pou plis enfòmasyon sou sekirite dèlko, ale sou ocfl.net/storm.
FÈMTI
Gouvènman Komin Oranj: Biwo Komin yo ap fèmen jedi, 10 oktòb ak vandredi, 11 oktòb. Operasyon nòmal yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb.
Tribinal Nevyèm Sikonskripsyon Jidisyè Florid la: Tribinal yo ap fèmen jedi, 10 oktòb, ak vandredi, 11 oktòb. Operasyon nòmal yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb.
Lekòl Piblik Komin Oranj: Lekòl yo ap fèmen jedi, 10 oktòb, ak vandredi, 11 oktòb. Ekip yo sou plas pou evalye bilding yo pou domaj epi yo pral kominike avèk paran yo pou fè yo konnen ki dat lekòl ap relouvri.
LYNX: LYNX te modifye sèvis lari yo jodi a, 10 oktòb. Yo prevwa sèvis otobis regilye ak sèvis NeighborLink yo ap rekòmanse apati Vandredi, 11 oktòb. ACCESS LYNX ap ofri vwayaj ki sipòte lavi sèlman jiska Vandredi, 11 oktòb. Sèvis nòmal yo ap rekòmanse Samdi, 12 oktòb. Nou ankouraje kliyan yo pou rele 407-423-8747 epi mete yon randevou pou LYNX ka vini chèche yo.
Ayewopò Entènasyonal Orlando: Vòl pou soti yo ap rekòmanse Vandredi, 11 oktòb. Pasajè yo dwe kontakte konpayi avyon espesifik yo pou enfòmasyon konsènan vòl yo.
Gade tout konferans nouvèl la sou YouTube oswa Vimeo.
MIZAJOU SOU MILTON – PWEN KLE POU SONJE 10/09/2024
MIZAJOU SOU MOVE TAN AN
Komin Oranj anba yon Avètisman Siklòn, ak yon gwo menas pou tònad. Epitou yo te pibliye yon Siveyans Tònad pou Komin Oranj. Rezidan yo dwe abrite an plas jiskaske tanpèt la fin pase. Aktyèlman, komin lan anba yon eta dijans lokal, ak yon eta dijans eta ak federal.
Menas Meteyowolojik Potansyèl:
- Van an gen fòs tanpèt twopikal 45-65 kilomèt alè
- Jiska 8-12 pous lapli nan kèk kote nan Komin Oranj
- Risk pou tònad yo ogmante
RISK POU TÒNAD
Akòz gwo menas tònad yo, nap avize rezidan yo pou yo rete ajou sou alèt move tan yo. Sèvis Nasyonal Meteyowolojik la gen twa avètisman kle pou veye konsènan tònad yo.
Siveyans pou tònad: Rete Prè! Tònad posib nan zòn ak tou pre zòn siveyans yo. Mete w prè pou aji byen vit si yo anonse yon avètisman oswa si ou sispèk yon tònad ap apwoche.
Avètisman pou Tònad: Aji! Rada meteyowolojik la te apèsi oswa endike yon tònad. Ale nan yon chanm enteryè nan premye etaj yon bilding ki solid. Evite fenèt. Si w nan yon kay mobil, yon machin, oswa deyò, ale nan abri sibstansyèl ki pi pre a epi pwoteje tèt ou kont debri kap vòltije.
Ijans pou Tònad: Chèche Abri Imedyatman! Gen yon gwo menas sou lavi moun ak pwopriyete, avèk domaj katastwofik konfime. Chèche refij nan andwa ki pi an sekirite a ke posib, imedyatman.
RISK POU INONDASYON
Sèvis Nasyonal Meteyowolojik la prevwa ke Komin Oranj ka resevwa 8-12 pous lapli ant jodi a ak vandredi, avèk lapli ki pi fò yo prevwa nan pati santral ak lwès komin lan. Rezidan ki nan zòn ki gen tandans pou inonde yo dwe prepare pou inondasyon potansyèl ak evakyasyon posib.
Zòn Orlo Vista/Westside Manor ka konfwonte gwo inondasyon nan wout yo ak inondasyon nan lakou yo paske kò dlo lokal yo prèske rive nan kapasite yo. Zòn sa yo ka an danje:
- Ronnie Circle, Murry Drive, Livingston St., Mandrake St., Pearlwood St., Pine Hills, ak Dover St.: Wout yo prevwa ki ka Inonde.
- Washington St ak Oak Branch Ave. (Oak Crest Mobile Home Park): Yo prevwa inondasyon nan lari ak nan lakou pandan Lake Orlo ak kanal anvwazinant yo ap apwoche nan nivo ki kritik. Nou pa prevwa okenn inondasyon estriktirèl nan moman sa a.
- Zòn adisyonèl ki nan gwo risk pou inonde yo enkli tout zòn ki nan yon plan inondasyon 100 ane FEMA a.
Rezidan nan zòn sa yo ta dwe rete vijilan, evite wout ki inonde, epi prepare pou evakyasyon posib si kondisyon yo vin pi mal. Rete ajou atravè chanèl ofisyèl yo epi swiv rekòmandasyon sekirite yo.
ABRI
Andwa sa yo te louvri pou moun kap chèche abri kont efè Siklòn Milton. Andwa yo enkli:
Abri pou Gran Piblik la
- Apopka High School (resevwa bèt domestik)
- Carver Middle School (resevwa bèt domestik)
- Lake Buena Vista High School
- Lake Nona High School (resevwa bèt domestik)
- Oak Ridge High School
- Ocoee High School
- Odyssey Middle School
- Timber Springs Middle School
- Union Park Middle School (resevwa bèt domestik)
- Wedgefield K-8 School
Abri pou Moun ki gen Bezwen Espesyal yo
- Freedom High School (resevwa bèt domestik)
- Goldenrod Recreation Center (resevwa bèt domestik)
- Silver Star Recreation Center (resevwa bèt domestik)
- South Econ Recreation Center (resevwa bèt domestik)
Abri Komin Oranj ki nan Colonial High School la deja rive nan kapasite l. Rezidan Komin Oranj kap bezwen yon Abri PSN dwe rele 3-1-1 oswa 407-836-3111. Pou enfòmasyon enpòtan sou sa pou pote nan yon abri, vizite ocfl.net/shelters.
FATRA AK SANT DECHÈ
Fatra: Sèvis piblik Komin Oranj pap ranmase fatra rezidansyèl, dechè lakou, resiklaj, ak gwo atik yo Mèkredi, 9 oktòb, ak Jedi, 10 oktòb. Tout kliyan ki gen bagay deyò nan fen jounen jodi a dwe sekirize atik sa yo andedan oswa tou pre yon estrikti jiskaske tanpèt la fin pase.
Kliyan kote yo ranmase fatra yo Mèkredi, Jedi, oswa Vandredi dwe mete bwat fatra yo deyò, a 6 am vandredi, 11 oktòb. Ranmasè fatra yo pral sèvi kliyan sa yo Vandredi, 11 oktòb, ak Samdi, 12 oktòb.
Lòt sèvis pou ranmase fatra regilye yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb. Akòz enkyetid sanitè ak sekirite piblik ki dekoule nan kondisyon ijans yo, se sèlman fatra rezidansyèl ki nan bwat fatra ki gen kouvèti vèt yo ke yo pral ranmase lè koleksyon fatra bò twotwa yo rekòmanse.
Sant dechè a ak estasyon transfè yo: Etablisman yo ap fèmen pou piblik la Mèkredi, 9 oktòb, ak Jedi, 10 oktòb. Etablisman yo pral relouvri lè kondisyon yo an sekirite, ki planifye pou Vandredi, 11 oktòb.
MIZAJOU SOU DLO BOUYI
Yon Avi pou Bouyi Dlo sou baz prevantif pou Old Cheney Highway, Lake Pickett ak zòn Chuluota nan Lès Komin Oranj.
BLAKAWOUT
Nap mande rezidan yo pou prepare pou blakawout alontèm. Lè sa posib, rapòte blakawout elektrik yo bay founisè elektrik ou a nan Komin Oranj.
- Komisyon Sèvis Itilite Piblik Orlando (OUC) – 407-423-9018
- Duke Energy: 800-228-8485
- Sèvis Itilite Piblik Winter Park – 877-811-8700
SEKIRITE POU DÈLKO
Byen ke dèlko se zouti ki trè itil pandan yon pàn kouran, yo ka trè danjere tou si yon moun pa byen itilize yo. Revize konsèy sekirite enpòtan sou dèlko sa yo pou kenbe fanmi w an sekirite.
- Revize manyèl pwopriyetè a epi swiv tout enstriksyon yo.
- Pa janm itilize yon dèlko andedan kay oswa nan yon espas ki pasyèlman fèmen.
- Pa janm kite yon dèlko ap mache nan zòn kote moun oswa bèt ye.
- Toujou konekte yon aparèy ak yon dèlko avèk yon gwo kòd ekstansyon.
- Pa janm sere gaz pou dèlko an anndan kay ou.
- Pa sere gaz toupre yon aparèy ki sèvi ak gaz tankou yon recho oswa yon aparèy chofaj dlo.
- Anvan w remete gaz nan yon dèlko, etenn li epi kite l rafwadi.
Pou plis enfòmasyon sou sekirite dèlko, ale sou ocfl.net/storm.
FÈMTI
Gouvènman Komin Oranj: Biwo Komin yo ap fèmen apati Mèkredi, 9 oktòb, jiska Vandredi, 11 oktòb.
Tribinal Nèvyèm Sikonskripsyon Jidisyè Florid la: Tribinal yo ap fèmen Mèkredi, 9 oktòb, jiska Vandredi, 11 oktòb.
Lekòl Piblik Komin Oranj: Lekòl yo ap fèmen Mèkredi, 9 oktòb, jiska Vandredi, 11 oktòb.
LYNX: Apati 3è pm jodi a, sèvis transpò LYNX yo te sispann jiska nouvèl òd enkli sèvis ACCESS LYNX yo.
Gade tout konferans nouvèl la sou YouTube oswa Vimeo.
MIZAJOU SOU MOVE TAN AN
Sèvis Nasyonal Meteyowolojik la mete Komin Oranj anba yon Avètisman Siklòn. Dènye trajektwa Milton montre ke kondisyon danjere siklòn lan gen de pli zan pli chans pou frape Komin Oranj.
Apati demen maten, bann lapli a pral ogmante nan Komin Oranj epi lapli a ap kontinye pandan tout jounen an. Apre solèy fin kouche, gen chans pou santi van an tankou tanpèt twopikal.
Soti mèkredi swa pou rive jedi
- Rafal van an ap plis pase 74 mil a lè
- Gen chans pou 6 a 12 pous lapli
Swiv Sèvis Nasyonal Meteyowolojik la oswa estasyon nouvèl lokal la pou dènye mizajou sou move tan an.
RISK POU INONDASYON
Sant Nasyonal pou Siklòn lan prevwa ke Komin Oranj pral konfwonte 6 a 12 pous lapli soti mèkredi jiska jedi, epi kèk kote nan nò ak lwès Komin Oranj ap resevwa anpil lapli. Akòz risk pou gwo lapli ak chans pou inondasyon, rezidan ki abite nan zòn ki ka inonde yo dwe rete ajou sou alèt meteyowolojik yo epi se pou yo gen yon plan evakyasyon si sa nesesè.
Zòn ki ka Sibi Gwo Risk pou Inonde:
- Andwa ki te inonde pandan Siklòn Irma oswa Siklòn Ian.
- Zòn ki te konn istorikman inonde nan sistèm twopikal yo, enkli:
- Orlo Vista / Westside Manor
- Zòn avwazinant Bonnie Brook
- Katye Rio Pinar ak zòn avwazinant yo
- Toupre entèseksyon Rouse Road ak Buck Road
- Zòn Kat Kwen (Avalon Road/Arrowhead Boulevard)
- Zòn ba nan nò ak lwès Komin Oranj
Mezi pou Pran:
- Rete enfòme: Swiv mizajou ak previzyon meteyowolojik yo atravè nouvèl lokal yo oswa atravè Sant Nasyonal Siklòn lan.
- Prepare pou Evakye: Si w ap viv nan youn nan zòn ki nan lis zòn ki ka inonde yo oswa ou konnen pwopriyete w la gen tandans pou li inonde, konsidere ale pran abri kay yon fanmi oswa zanmi kap viv andeyò zòn sa yo. Gen plizyè abri ki louvri nan tout Komin lan.
- Pwoteje Pwopriyete: Netwaje drenaj tanpèt yo, retire bagay ki gen valè yo atè a epi konsidere mete sak sab nan zòn ki ba yo.
ABRI
Abri pou Moun ki gen Bezwen Espesyal (PSN) yo louvri, epi abri pou gran piblik la ap louvri a 6 pm. Ou pa oblije prezante yon ID pou antre nan yon abri. Moun kap vin nan kay ki nan zòn ki ka inonde yo oswa estrikti kay mobil yo dwe konsidere ale abrite yo ansanm ak yon fanmi oswa zanmi kap viv andeyò zòn sa yo.
Abri pou Gran Piblik la
- Apopka High School (resevwa bèt domestik)
- Carver Middle School (resevwa bèt domestik)
- Colonial High School (resevwa bèt domestik)
- Lake Buena Vista High School
- Lake Nona High School (resevwa bèt domestik)
- Oak Ridge High School
- Ocoee High School
- Odyssey Middle School
- Timber Springs Middle School
- Union Park Middle School (resevwa bèt domestik)
- Wedgefield K-8 School
Abri pou Moun ki gen Bezwen Espesyal yo
- Freedom High School (resevwa bèt domestik) (Ap ouvri mèkredi maten, 9 oktòb, a 8 a.m.)
- Goldenrod Recreation Center (resevwa bèt domestik)
- Silver Star Recreation Center (resevwa bèt domestik)
- South Econ Recreation Center (resevwa bèt domestik)
Rezidan Komin Oranj kap bezwen yon Abri PSN dwe rele 3-1-1 oswa 407-836-3111. LYNX ap ofri sèvis transpò gratis pou ale nan abri yo. Pou enfòmasyon enpòtan sou sa pou pote nan yon abri, vizite ocfl.net/shelters.
KOLEKSYON FATRA
Sèvis Itilite Piblik Komin Oranj ap sispann tout sèvis koleksyon fatra bò twotwa yo, Mèkredi, 9 oktòb, ak Jedi, 10 oktòb.
Koleksyon fatra yo ap rekòmanse vandredi 11 oktòb, ak samdi 12 oktòb. Nan moman sa a, yo pral ranmase sèlman fatra rezidansyèl ki nan bwat fatra ki gen kouvèti vèt yo. Lòt sèvis koleksyon regilye yo pral rekòmanse lendi 14 oktòb. Tout kliyan ki gen bagay deyò nan fen jounen a jodi a dwe sekirize atik sa yo andedan oswa tou pre yon estrikti jiskaske tanpèt la fin pase.
Anplis de sa, sant dechè a ak estasyon transfè yo ap fèmen pou gran piblik la. Etablisman sa yo pral relouvri lè kondisyon yo an sekirite.
Pou plis enfòmasyon, vizite www.ocfl.net/WasteSites.
Gade tout konferans nouvèl la sou YouTube oswa Vimeo.
MIZAJOU SOU TANPÈT LA
Aktyèlman, Komin Oranj anba yon eta dijans lokal, ansanm avèk yon eta dijans eta ak federal. Epitou, Komin nan anba yon Avètisman Siklòn. Yo evalye Enpak Siklòn Milton yo ap kòmanse mèkredi nan mitan jounen an. Tout preparasyon kont tanpèt la dwe fini madi swa.
Menas Meteyowolojik Tanpotansyèl:
- Van an ap vante nan Fòs Siklòn 74-110 mil alè
- 3-6 pous lapli nan Santral Florid, nan kèk zòn lapli a ka tonbe jiska 10-12 pous
Sèvis Meteyowolojik Nasyonal ap bay plis detay sou tan ak wout tanpèt la demen.
ABRI
Etablisman sa yo ap louvri pou moun kap chèche abri kont efè Siklòn Milton:
Abri pou Gran Piblik la
Ap ouvri madi apre midi, 8 oktòb, a 6 p.m.
- Apopka High School*: 555 Martin Street, Apopka, FL 32712
- Carver Middle School*: 4500 W. Columbia Street, Orlando, FL32811-4052
- Colonial High School*: 6100 Oleander Drive, Orlando, FL 32807
- Lake Buena Vista High School: 11305 Daryl Carter Parkway, Orlando, FL 32836
- Lake Nona High School*: 12500 Narcoossee Road, Orlando, FL 32832
- Oak Ridge High School: 700 W. Oak Ridge Road, Orlando, FL 32809
- Ocoee High School: 1925 Ocoee Crown Point Parkway, Ocoee, FL 34761
- Odyssey Middle School: 9290 Lee Vista Boulevard, Orlando, FL 32829
- Timber Springs Middle School: 16001 Timber Park Lane, Orlando, FL 32828
- Union Park Middle School*: 1844 Westfall Drive, Orlando, FL 32817
- Wedgefield K-8: 3835 Bancroft Boulevard, Orlando, FL 32833
* Sinyale Abri ki ka resevwa Bèt Domestik
Abri pou Moun ki gen Bezwen Espesyal (PSN)
Ap ouvri madi maten midi, 8 oktòb, a 10 a.m.
- Goldenrod Rec.: 4863 N. Goldenrod Road, Winter Park, FL 32792
- Silver Star Rec.: 2801 N. Apopka-Vineland Road, Orlando, FL 32818
- South Econ Park: 3850 S. Econlockhatchee Trail, Orlando, FL 32829
Rezidan Komin Oranj ki bezwen yon Abri pou Moun ki gen Bezwen Espesyal, tanpri rele 3-1-1 oswa 407-836-3111. LYNX ap bay sèvis gratis pou ale nan abri yo. Pou plis enfòmasyon enpòtan sou bagay ou ka pote nan yon abri, vizite ocfl.net/shelters.
FATRA AK DECHÈ
Madi 8 oktòb, rezidan ki gen debri lakou anplis yo nan Siklòn Helene ka pote yo nan Sant Dechè Komin Oranj lan pandan lè fonksyonman nòmal yo. Rezidan yo pap gen pou peye frè pou debri rezidansyèl yo. Pou plis enfòmasyon, vizite ocfl.net/WasteSites.
Madi 8 oktòb, nap kominike bay rezidan yo tout chanjman ki va genyen nan lè fonksyonman Sant Dechè Komin Oranj lan, estasyon transfè yo, oswa koleksyon fatra bò lari yo.
DLO BOUYI
Yon Avi Prekosyon pou Bouyi Dlo toujou an vigè pou Old Cheney Highway, Lake Pickett ak Zòn Chuluota nan zòn lès Komin Oranj. Bouyi dlo a pou omwen yon minit anvan w konsome l. Si w ap ranmase dlo pou w itilize pandan siklòn Milton oswa apre, bouyi dlo a anvan w sere l epi bouyi l anvan w itilize l. Nap bay yon mizajou Mèkredi, 9 oktòb.
BLAKAWOUT
Konpayi sèvis itilite piblik yo ap nan lari a pou asire zòn sèvis yo. Nap mande rezidan yo pou prepare pou si gen blakawout pwolonje. Lè sa posib, rapòte si w pa gen kouran bay founisè elektrik ou a nan Komin Oranj.
- Orlando Utilities Commission (OUC): 407-423-9018
- Duke Energy: 800-228-8485
- Winter Park Utility: 877-811-8700
SAK SAB
Sak sab gratis ou ka pran pou tèt ou ap disponib demen, madi 8 oktòb, soti 9 a.m. pou rive 7 p.m. nan sis etablisman atravè komin nan. Moun ki gen bezwen espesyal ka rele 3-1-1 oswa 407-836-3111 pou kontakte Komin Oranj 311si yo bezwen èd ak sak sab yo.
BIWO KAP FÈMEN
Gouvènman Komin Oranj: Biwo komin yo ap fèmen mèkredi 9 oktòb ak jedi 10 oktòb.
Nevyèm Sikonskripsyon Jidisyè Florid: Tribinal yo ap fèmen mèkredi 9 oktòb ak jedi 10 oktòb.
Lekòl Piblik Komin Oranj: Tout aktivite apre lekòl yo ap kanpe madi, 8 oktòb. Lekòl yo ap fèmen mèkredi, 9 oktòb ak jedi, 10 oktòb.
LYNX: Sèvis transpò regilye LYNX yo ap kontinye jan yo te pwograme a pou jiskaske van an rive vante nan 35 mil alè oswa gen inondasyon. Apati 12 èdtan anvan van yo rive vante nan 35 mil alè, ACCESS LYNX ap ofri transpò medikal ki nesesè pou sove lavi sèlman.
Yap bay rezidan yo 10 sak sab vid pou yo plen nan pilye sab ki sou plas la. Tout rezidan yo dwe pote pwòp pèl yo pou yo ka plen sak sab yo. Moun ki gen bezwen espesyal ki bezwen èd pou plen sak sab yo dwe kontakte Komin Oranj nan 311, rele 3-1-1 oswa 407-836-3111.
Orè Fonksyònman yo
- Lendi, 7 oktòb 2024, 9 am rive 7 pm
- Madi, 8 oktòb 2024, 9 am a 7 pm
*Andwa Sak sab yo ka fèmen pi bonè pase lè ki pwograme a daprè kondisyon metewolojik yo.
Andwa Sak Sab yo (Kat Jewografik)
- Barnett Park: 4801 W. Colonial Drive Orlando, FL 32808
- Bithlo Community Park: 18501 Washington Avenue, Orlando, FL 32820
- Clarcona Horse Park: 3535 Damon Road, Apopka, FL 32703
- Downey Park:10107 Flowers Avenue, Orlando, FL 32825
- Meadow Woods Rec.: 1751 Rhode Island Woods Circle, Orlando, FL 32824
- West Orange Rec.: 309 S West Crown Point Road, Winter Garden, FL 34787
Pou plis enfòmasyon sou preparasyon pou tanpèt la ak pou enskri pou Alèt OC, sistèm alèt ijans komin lan, ale sou www.ocfl.net/storm.